Se pou sa menm yo te anonse bon nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, koulye a yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l' la.
Se sa ki fè yo te tande Levanjil anvan yo mouri. Moun te kritike yo lè yo t ap viv sou latè. Men se te plan Bondye pou yo te tande Levanjil la preche pou yo te ka genyen yon lavi tou nèf granmesi Lespri Bondye a.