Font Size
Verse of the Day
A daily inspirational and encouraging Bible verse.
Duration: 366 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lik 2:8-11
Nouvèl nesans Mesi a rive jwenn kèk bèje
8 Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. 9 Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè. 10 Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. 11 Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi[a] yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International