Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
35 ¶ Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.
2 Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.
3 Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!
4 Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
5 ¶ Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.
6 Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.
7 Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.
8 Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.
9 P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!
10 Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
5 ¶ Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li!
6 Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
7 Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
8 Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
9 Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
10 Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!
46 Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.
47 Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
48 Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!
49 Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.
50 L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
51 Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
52 Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
53 Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
54 Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,
55 pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
7 Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.
8 Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini.
9 Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.
10 Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.
2 Antan Jan Batis te nan prizon, li tande pale travay Kris la t'ap fè. Li voye kèk patizan pa l' ale mande Jezi:
3 Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?
4 Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè:
5 Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.
6 Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.
7 ¶ Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.
8 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo.
9 Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.
10 Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou.
11 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.