Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
72 ¶ Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!
2 ¶ Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.
3 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
5 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.
6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.
7 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
18 ¶ Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
40 ¶ Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
2 Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
3 ¶ Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!
4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla!
5 Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li.
6 Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann.
7 Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!
8 Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
9 ¶ Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
10 Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
11 Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
19 ¶ Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye.
20 Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.
21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non.
22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?
23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)
24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo.
25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun?
26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.
27 L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li.
28 Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a.