Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 87 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jowèl 3:17-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 21:28-32

Parabòl de pitit gason yo

28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.

29 Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.

30 Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.

31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”

Yo reponn li: “Pi gran an!”

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International