Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Se pou n gen pasyans
7 Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.[a] 8 Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! 9 Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!
10 Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans. 11 Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans.[b] Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.
Atansyon ak sa w ap di
12 Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w.
Copyright © 2017 by Bible League International