Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pitit Bondye ranpòte laviktwa sou mond lan
5 Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou. 2 Kòman nou kapab konnen nou renmen pitit Bondye yo? Se lè nou renmen Bondye epi lè nou obeyi kòmandman li yo. 3 Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil. 4 Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou. 5 Kilès ki gen laviktwa sou mond lan, èske se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye a?
Kounye a nou deja gen lavi etènèl
13 Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl. 14 Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou. 15 Epi si nou konnen l ap koute nou, nou konnen nou genyen sa nou mande l la.
16 Si yon moun wè frè li oubyen sè li ap komèt yon peche, (yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl), li ta dwe priye pou Bondye bay moun sa a lavi, moun sa a k ap komèt yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl. Men genyen yon peche ki mennen nan lanmò etènèl, se pa pou li m ap mande nou priye. 17 Tout enjistis se peche, men genyen yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl.
18 Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li.[a] Satan pa gen dwa touche l. 19 Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan. 20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la. 21 Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.
Copyright © 2017 by Bible League International