Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan
12 Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.
13 Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14 Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl. 15 Ou menm tou, ou gen kèk moun bò kote w k ap swiv ansèyman Nikolayit yo tou. 16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.
17 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!
Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.
Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a
18 Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.
19 Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. 20 Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.
22 Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. 23 M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.
24 Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. 25 Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.
26 Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. 27 Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil.[a] 28 Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. 29 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!
Copyright © 2017 by Bible League International