Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mak 10:17-31; Lik 18:18-30)
16 Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?”
17 Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”
18 Nonm nan reponn:
“Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. 19 Onore papa w ak manman w,[a] epi renmen pwochen[b] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[c]
20 Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”
21 Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22 Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale.
Copyright © 2017 by Bible League International