Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 106:40-48' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 10:17-25' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 20:45-21:4

Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)

45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye

(Mak 12:41-44)

21 Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International