Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 14 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 4:13-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 4:29-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 10:11-21

11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.

14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[a] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

19 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”

21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International