Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
1 Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.
2 Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.[a]
3 Se pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze.
Lafwa ak lanmou Filemon genyen
4 Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, 5 paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. 6 M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. 7 Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.
Aksepte Onezim tankou yon frè
8 Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, 9 men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. 10 Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. 11 Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil[b] nou toulède.
12 M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. 13 M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. 14 Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.
15 Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? 16 Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.
17 Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. 18 Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. 19 Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. 20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen,[c] paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. 21 Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.
Fòk ou deside si ou kapab swiv mwen
(Mat 10:37-38)
25 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: 26 “Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. 27 Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen.
28 Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? 29 Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. 30 Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fini.
31 Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. 32 Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè.
33 Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”
Copyright © 2017 by Bible League International