Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 139:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 139:13-18' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 17:14-27' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 10:34-42

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Lik 12:51-53; 14:26-27)

34 Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35 Mwen vini pou m

mete dozado papa ak pitit gason l,
    manman ak pitit fi l,
    bèlmè ak bèlfi l.
36 Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.[a]

37 Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38 Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39 Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.

Bondye ap beni moun ki byen resevwa w

(Mak 9:41)

40 Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41 Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42 Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International