Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 58 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 2:23-37' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 13:7-21

Pa bliye lidè nou yo. Se yo ki te fè n konnen mesaj Bondye a. Sonje jan yo te viv lavi yo ak jan yo te mouri. Imite lafwa yo. Menm Jezikri ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan. Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.

10 Nou gen yon otèl,[a] prèt yo ka sèvi nan Tant ki sen an, yo pa gen dwa manje ladan l. 11 Granprèt yo pote san bèt yo pou peche yo Kote ki pi Sen an. Men se deyò kan an yo boule kò bèt yo. 12 Menm jan an tou, Jezi te soufri deyò vil la. Li mouri pou li ka fè pèp la sen ak pwòp san li. 13 Alò, an nou soti al jwenn Jezi deyò kan an. An nou pote menm chay lawont li te pote a. 14 Nou pa gen yon vil ki la pou tout tan isit sou latè. Men n ap tann vil ki gen pou vini an. 15 Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikri. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye. 16 Pa bliye fè sa ki byen. Sonje pataje sa n genyen. Paske se kalite sakrifis sa yo Bondye renmen.

17 Obeyi lidè nou yo. Fè sa yo mande nou fè. Yo responsab byennèt espirityèl nou. Paske Bondye ap mande yo rann kont pou travay yo fè. Obeyi yo, konsa yo ka fè travay yo ak kè kontan. Si n pa obeyi, y ap plenyen, epi lè konsa li p ap nan avantaj nou ditou.

18 Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen. 19 M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.

20-21 Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikri pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International