Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jeremi 1:4-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 71:1-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 12:18-29

18 Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. 19 Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. 20 Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.”[a] 21 Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!”[b][c]

22 Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. 23 Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. 24 Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.

25 Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou. 26 Latè te tranble lè l te pale premye fwa a. Kounye a, li fè pwomès sa: “Yon lòt fwa ankò non sèlman m ap fè latè tranble, syèl la ap tranble tou.”[d] 27 Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete.

28 Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif, 29 paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.[e]

Lik 13:10-17

Jezi geri yon fi ki te malad yon jou saba

10 Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. 11 Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. 12 Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!” 13 Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye.

14 Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou saba a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou saba a.”

15 Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou saba a? 16 Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou saba a?” 17 Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International