Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
44 Tabènak la,[a] ki se tant Letènèl la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. 45 Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la. 46 David te jwenn favè devan Bondye. Li te menm mande Bondye pèmisyon pou l bati yon Tanp pou pèp Izrayèl la.[b] 47 Men se Salomon ki te bati Tanp lan pou Letènèl.
48 Men, Bondye ki pi wo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la te di sou koze sa a:
49 Senyè a di: Syèl la se twòn kote m chita,
epi tè a menm se ti ban pou m lonje pye m.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
Èske m bezwen yon kote pou m repoze pou nou ta ka ofri m?
50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m?”[c]
51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se konsa nou ye tou. 52 Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la[d] t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz la Bondye te ban nou pa mwayen anj li yo, men nou pa obeyi lalwa sa a.”
Copyright © 2017 by Bible League International