Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Kontinye viv nan Kris
6 Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. 7 Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.
8 Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris. 9 Mwen di sa, paske tout sa Bondye ye, li parèt aklè nan kò fizik Jezikris san manke anyen. 10 Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite.
11 Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a. 12 Lè n te batize, nou te mouri epi antere ansanm avè l, nou te resisite ansanm avè l tou poutèt lafwa nou nan puisans Bondye.
13 Nou menm, se moun mouri nou te ye poutèt fot nou yo ak poutèt nou pa t sikonsi. Men Bondye resisite nou ansanm ak Kris. Li padone tout fot nou yo. 14 Li anile dokiman kote kondanasyon nou te siyen an: li te elimine l, lè l te mouri sou kwa a. 15 Se konsa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.
Nouvo lavi n ap mennen an soti nan Kris sèlman
16 Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: 17 tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. 18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[a] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. 19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.
Jezi anseye kijan pou n lapriyè
(Mat 6:9-15)
11 Yon lè, Jezi t ap lapriyè yon kote. Lè Jezi te fin priye, youn nan disip li yo di li: “Mèt, montre nou kijan pou nou priye, menm jan Janbatis te montre disip pa l yo.”
2 Jezi di yo: “Lè n ap priye se pou nou di:
Papa, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
Vin etabli wayòm ou an.
3 Ban nou pou chak jou manje nou bezwen pou jounen an.
4 Padone peche nou yo,
menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.[a]
Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.”
Mande Bondye sa w gen bezwen
(Mat 7:7-11)
5 Apre sa, Jezi di yo: “Sipoze youn nan pami nou la a ta al kote yon zanmi l nan mitan lannuit, ou di l: prete m twa pen, 6 paske m gen yon zanmi ki fèk rive lakay mwen la a soti an vwayaj epi m pa gen anyen pou m ta ba l manje. 7 Epi pou zanmi an ta reponn ou: Monchè, kite m repo tande. Pòt mwen gentan fèmen, timoun mwen yo gentan kouche. Èske m ka nan leve la a ankò pou ba w anyen la a. M regrèt sa. 8 M ap di nou sa: menmsi li pa ta vle leve pou ba w pen sèlman paske li se zanmi w, si ou pèsiste, ou kontinye frape nan pòt la, zanmi an ap leve pou ba w tout sa ou gen bezwen. 9 Se sa k fè m ap di nou: Mande, epi Bondye ap ban nou. Chèche, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. 10 Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li. 11 Kilès nan tout papa yo ki la a, si pitit gason w ta mande w yon pwason, k ap ba li yon koulèv si l mande yon pwason? 12 Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”
Copyright © 2017 by Bible League International