Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
85 ¶ (85:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (85:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
2 (85:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
3 (85:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
4 (85:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
5 (85:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
6 (85:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
7 (85:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
8 ¶ (85:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
9 (85:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
10 (85:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
11 (85:12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
12 (85:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
13 (85:14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.
4 ¶ Seyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
2 Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.
3 Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.
4 Seyè a di: Piga pesonn louvri bouch yo di yon mo! Piga pesonn kritike anyen! Se nou menm prèt yo, m'ap akize koulye a.
5 Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pa t' dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.
6 ¶ Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
7 Plis nou gen prèt, se plis n'ap fè sa ki mal devan je m'. Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y'ap fè nou wont.
8 Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n'ap vin pi rich. Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.
9 Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.
10 N'a manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n'a rete grangou toujou. N'ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k'ap bay pitit, men n'a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Seyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.
11 Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
12 ¶ Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!
13 Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.
14 Non. Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.
15 Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!
16 Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Seyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?
17 Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!
18 Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo.
19 Yo pran nan yon move kouran. Y'a wont ofrann bèt y'ap fè pou touye pou zidòl yo.
15 ¶ Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven (120) moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:
16 Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.
17 Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.
18 (Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.
19 Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.)
20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.