Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
27 Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye. 28 Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la. 29 Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.
2 Mwen ta vle nou konnen byen ki kalite batay m ap batay pou nou menm, pou moun Lawodise yo ansanm ak tout lòt moun ki pako menm konnen m yo. 2 M ap fè sa pou m ankouraje yo, pou yo ka fè yon sèl nan lanmou epi pou yo gen anpil bon konprann tou. Lè sa a, y ap konnen pwojè sekrè Bondye a. Sekrè sa a, se Kris menm. 3 Se nan Kris ki genyen tout richès lasajès ak konesans.
4 M ap di nou sa pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl diskou. 5 Paske, menm lè mwen byen lwen, nou toujou nan panse m. M kontan pou m wè bon jan disiplin ki genyen nan mitan nou epi kijan lafwa nou solid nan Kris la.
Kontinye viv nan Kris
6 Konsa, poutèt nou te aksepte Jezikris kòm Senyè nou, kontinye viv nan kominyon avè l. 7 Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.
Copyright © 2017 by Bible League International