Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
52 ¶ (52:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (52:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (52:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
2 (52:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
3 (52:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
4 (52:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!
5 (52:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
6 ¶ (52:8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
7 (52:9 -)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
8 (52:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
9 (52:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
10 Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.
11 Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.
12 Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.
13 Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.
14 Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la.
15 Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.
16 ¶ Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.
17 Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.
5 ¶ Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.
2 Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen.
3 Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb.
4 Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.
5 Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou.
6 Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.