Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 7 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Amòs 4:6-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 3:11-17

Nou dwe genyen lanmou youn pou lòt

11 Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt. 12 Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.

13 Frè m ak sè m, nou pa dwe sezi lè moun ki nan mond lan rayi nou. 14 Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò. 15 Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.

16 Men kijan nou konnen sa lanmou ye: Jezi bay pwòp lavi l pou nou, menm jan an tou, nou dwe bay lavi nou pou frè ak sè nou yo. 17 Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun konsa kapab di lanmou Bondye rete nan li?

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International