Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 6 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 5:19-27' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 19:28-41

28 Tande yo fin tande Demetriyis, tout òfèv yo te vin ankòlè, yo pran rele: “Atemis moun Efèz yo ap sèvi a se yon gran deyès.” 29 Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la. 30 Pòl te vle parèt devan pèp la pou pale avèk yo, men kwayan yo te anpeche l fè sa, paske yo pa t dakò. 31 Te gen kèk nan chèf Lazi yo ki te zanmi Pòl, yo voye moun vin pote mesaj bay Pòl pou di l tanpri pa vin nan teyat la ditou.

32 Nan foul la menm, te gen enpe moun ki t ap lanse yon slogan bò isit, yon lòt gwoup menm ap lanse yon lòt slogan bò lòtbò. Sa te kreye yon konfizyon total nan foul la. Pi fò moun ki te la yo pa t menm konnen pou kisa yo te reyini. 33 Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la. 34 Men, lè yo reyalize Aleksann se Jwif tou, yo tout tonbe fè bri; pandan dezèdtan, yo t ap rele byen fò: “Atemis moun Efèz yo se yon gran deyès.”

35 Men, finalman, sekretè lakomin nan te rive konvenk foul la pou yo fè silans. Li di yo: “Nou menm moun Efèz, ki moun ki pa konnen se lavil Efèz k ap veye sou tanp Atemis lan, gran nègès nou an, ansanm ak estati l la, yon wòch ki sot tonbe nan syèl la? 36 Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.

37 Nou mennen mesye sa yo[a] vin la a se vre, men yo pa vòlè anyen nan tanp yo, ni yo pa pale deyès nou an mal. 38 Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.

39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon toujou nou vle fè, n ap tann lè gen yon asanble legal reyini pou nou regle sa. 40 Mwen di sa paske nenpòt moun ki wè sa k pase jodi ta gen dwa akize nou kòm moun k ap fè mouvman kont gouvènman an. Paske pa gen okenn rezon vre pou tout dezòd sa a. Nou pa t ap ka bay okenn eksplikasyon pou rasanbleman sa a si yo ta mande nou.” 41 Apre sekretè a fin pale konsa, li mande tout moun yo pou yo rantre lakay yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International