Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 77:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 77:11-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 1:1-12' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 4:8-20

Lamou Pòl genyen pou kwayan nan peyi Galasi yo

Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman. Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò? 10 Nou tonbe nan obsève jou, mwa, sezon avèk ane. 11 Sa chaje tèt mwen anpil. Mwen krenn pou travay mwen nan mitan nou pa tounen yon travay ki fèt pou granmesi.

12 Frè m ak sè m yo, silvouplè, poutèt mwen fè m sanble ak nou, fè n sanble ak mwen tou. Nou te si bon anvè mwen anvan. 13 Nou konnen, se paske m te malad ki fè m te pote Bòn Nouvèl la lakay nou premye fwa a. 14 Maladi m nan te yon fado pou nou. Men, nou pa t janm derespekte m[a] pou te fè m pati. Okontrè, nou te akeyi m kòmsi m te yon anj Bondye voye; nou te aksepte m kòmsi m te Jezikris menm! 15 Lè sa a, nou te si kontan. Sa k pase, kote lajwa sa a? Mwen kapab di san okenn dout: Nou t ap fè tout sa k posib pou n ede m. E si se te posib, nou t ap prèt pou rache pwòp je nou ban mwen. 16 Èske m vin tounen yon ènmi pou nou, paske m di nou verite a?

17 Gen moun[b] k ap fè anpil efò pou detounen nou, men sa pa bon pou nou. Se vle yo vle pran tèt nou pou detache nou de mwen epi pou n vin fanatik yo pito. 18 Li bon pou n fè anpil efò, men fòk se pou yon bon bagay. Epi se pa lè m la sèlman, men, menm lè m pa la tou. 19 Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris. 20 Mwen ta renmen ansanm ak nou kounye a, pou m ta chache jwenn yon lòt fason pou m pale ak nou. Mwen pa konnen kijan m ta pale ak nou ankò.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International