Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
23 Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an. 24 Konsa, lalwa te tankou yon gadò pou nou jouktan Kris vini pou Bondye te ka deklare nou dwat devan l dapre lafwa nou. 25 Kounye a, lafwa vini, nou pa anba siveyans lalwa a ankò.
26 Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris. 27 Nou tout ki te batize nan Kris nou te abiye ak Kris. 28 Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris. 29 Poutèt nou se moun pa Kris, nou se desandans Abraram. Nou se eritye dapre pwomès la.
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)
26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[a] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.
28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.
30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”
Li reponn: “Lejyon.”[b] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[c] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.
34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.
Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”
Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.
Copyright © 2017 by Bible League International