Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jwif yo ak Lalwa
17 Ou di ou se Jwif. Ou mete konfyans ou nan Lalwa epi, ak tout fyète w, ou di w pwòch Bondye. 18 Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa. 19 Ou panse w se yon gid pou moun ki pa wè bon chemen an, yon limyè pou sa yo ki nan fènwa. 20 Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a. 21 Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè. 22 Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo. 23 Ou byen fyè paske w genyen Lalwa Bondye a, poutan ou fè Bondye wont nan vyole Lalwa. 24 Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”[a]
25 Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi. 26 Moun ki pa Jwif yo pa sikonsi. Men si yo fè sa Lalwa mande, se kòm si yo te sikonsi. 27 Yon moun ki pa sikonsi nan kò l epi ki fè sa Lalwa mande, l ap jije w, ou menm ki gen liv Lalwa yo ak sikonsizyon an, epi k ap dezobeyi Lalwa.
28 Si ou Jwif sèlman nan kò fizik ou, ou pa Jwif vre. Yon sikonsizyon toutbon vre, li pa nan kò a sèlman. 29 Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International