Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Men mesaj mwen an: Jezi krisifye sou lakwa
2 Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj[a] sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save. 2 Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa. 3 Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè. 4 Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun. 5 Konsa, lafwa nou pa chita sou baz sajès lèzòm, men l chita pito sou pouvwa Bondye.
Sajès Bondye
6 Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. 7 Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l konsa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. 8 Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. 9 Men sa Bib la di:
“Se bagay je pa janm wè,
zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”[b]
10 Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.
11 Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International