Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Travay 16:9-15

Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou.

10 Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.

11 Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis.

12 Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a.

13 Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.

14 Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.

15 Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Sòm 67

67 ¶ (67:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (67:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,

(67:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.

(67:4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.

(67:5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.

(67:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.

(67:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.

(67:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.

Revelasyon 21:10

10 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.

Revelasyon 21:22-22:5

22 Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an.

23 Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.

24 Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li.

25 Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.

26 Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la.

27 Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.

22 ¶ Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.

Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.

p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.

Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo.

p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.

Jan 14:23-29

23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.

24 Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.

25 ¶ Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.

26 Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.

27 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

28 ¶ Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.

29 Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.

Jan 5:1-9

¶ Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.

Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.

Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.

Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.

Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.

Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?

Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.

Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.

Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.