Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 30

30 ¶ (30:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (30:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.

(30:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.

(30:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.

(30:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.

(30:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.

¶ (30:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.

(30:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.

(30:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.

(30:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?

10 (30:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!

11 (30:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.

12 (30:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Ezayi 5:11-17

11 Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!

12 Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l'ap fè a.

13 Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y'ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.

14 Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L'ap louvri pòtay li yo byen gran pou l' resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k'ap fè bri ak kè kontan.

15 Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè.

16 Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.

17 Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.

Revelasyon 3:14-22

14 ¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou:

15 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.

16 Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen.

17 W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!

18 Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.

19 Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.

20 Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.

21 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.

22 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.