Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 150

150 ¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!

Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!

Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!

Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!

Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!

Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

1 Samyèl 17:1-23

17 ¶ Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.

Sayil vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y' al goumen ak yo.

Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo.

Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.

Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti.

Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li.

Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l' avèk plak pwotèj li a.

Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: -Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l' vin kare avè m'.

Si l' rive bat mwen pou l' touye m', moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m' touye l', se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo.

10 Li di yo ankò: -Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M' pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m'.

11 Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.

12 ¶ David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.

13 Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama.

14 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.

15 Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo.

16 Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay.

17 Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an.

18 Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante.

19 Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo.

20 Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.

21 Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la.

22 David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.

23 Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, soti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l' te konn fè l' anvan an. David tande sa Golyat t'ap di.

Travay 5:12-16

12 ¶ Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.

13 Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo.

14 Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.

15 Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.

16 Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.