Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 ¶ Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo:
2 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo.
3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
4 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.
5 Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.
6 N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.
7 N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l' sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la.
8 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
9 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a.
10 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife.
11 Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.
12 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
13 San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
116 ¶ Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.
12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?
13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.
14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.
15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!
16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.
17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
18 -(we vèsè pwochen)
19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
23 ¶ Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen,
24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.
25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen.
26 Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.
13 ¶ Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.
2 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.
3 Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
4 Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li.
5 Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.
6 Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?
7 Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.
8 Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.
9 Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen.
10 Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.
11 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)
12 Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?
13 Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.
14 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
16 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.
17 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
31 ¶ Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
32 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.
33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.
34 Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
35 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.