Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa. 13 Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.
14 Lè moun ki pa Jwif yo,[a] moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri. 15 Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.
16 Se konsa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikri.
Copyright © 2017 by Bible League International