Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Ou pa kapab jije lòt moun yo
2 Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo. 2 Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.” 3 Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? 4 Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon konsa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.
5 Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. 6 “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.”[a] 7 Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl. 8 Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè. 9 Bondye ap lage tout moun k ap fè sa ki mal yo nan tèt chaje ak nan soufrans. Sa pral rive moun ki Jwif yo anvan, answit moun ki pa Jwif yo. 10 Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou. 11 Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri.
Copyright © 2017 by Bible League International