Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 105:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 105:16-41' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 105:42' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Istwa 20:1-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:22-31

Pòt etwat la

(Mat 7:13-14,21-23)

22 Jezi te kontinye ap anseye nan tout vil yo ak bouk yo. Konsa konsa, li t ap pwoche pi pre lavil Jerizalèm. 23 Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?”

Jezi reponn yo: 24 “Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab. 25 Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti. 26 Lè sa a, n a di: nou te manje, nou te bwè ansanm ak ou, ou te anseye anpil bagay nan tout lari nan bouk nou yo. 27 Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!

28 Lè n a wè Abraram, Izaak, Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo nan Wayòm Bondye a epi nou menm yo voye nou jete deyò, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan. 29 Moun ap soti alès kòm alwès, y ap soti nan nò ak nan sid pou vin manje sou tab nan Wayòm Bondye a. 30 Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”

Jezi gen pou l mouri nan Jerizalèm

(Mat 23:37-39)

31 Menm lè a, kèk Farizyen pwoche kote Jezi, yo di li: “Chape poul ou! Pati kite zòn nan, paske Ewòd vle touye w.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International