Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Èske Abraram ban nou yon rezon pou nou fyè?
4 Kounye a, kisa nou kapab di sou Abraram,[a] zansèt nou, ki leson l te aprann, limenm? 2 Si Bondye te deklare Abraram jis sou baz sa l te fè, li ta gen rezon fè lwanj pou pwòp tèt li! Men li pa ka vante tèt li devan Bondye. 3 Sa parèt aklè nan sa Bib la di: “Abraram te kwè nan Bondye, poutèt l te kwè, Bondye aksepte l kòm si l te fè sa ki dwat.”[b]
4 Lè yon moun travay, lajan yo peye l se pa yon kado. Li resevwa lajan an pou travay li te fè. 5 Men si, olye pou w travay, ou mete lafwa w nan Bondye, li wè lafwa w epi li konsidere w kòm yon moun ki pa anba kondanasyon peche l. Bondye fè sa menm pou moun ki dezonore l. 6 David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.
7 “Se yon gwo benediksyon
lè yon moun jwenn padon pou fot li te komèt,
lè peche l yo te jwenn padon!
8 Se yon gwo benediksyon
lè Senyè a retire peche yon moun
nan lis kote yo te ekri!”[c]
9 Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. 10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.
Copyright © 2017 by Bible League International