Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
11 ¶ Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
12 Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.
13 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
14 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'.
15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.
17 ¶ Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.
18 M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
19 Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.
20 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.
21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!
22 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa.
23 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!
24 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.
25 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!
26 Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
27 Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.
28 Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.
1 ¶ Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m', mwen wè Bondye nan yon vizyon.
2 Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'.
3 Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.
4 ¶ Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal.
5 Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun.
6 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.
7 Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli.
8 Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon.
9 De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo.
10 Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè.
11 Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo.
12 Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo.
13 Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'.
14 Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.
15 ¶ Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak.
16 Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo,
17 paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire.
18 Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo.
19 Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou.
20 Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.
21 Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.
22 Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal.
23 Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo.
24 Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.
25 Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a.
26 ¶ Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.
27 Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a.
28 Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
2 ¶ Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou.
23 Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l' tou.
24 Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l' ansanm ak kèk bon zanmi l' li te envite lakay li.
25 Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li.
26 Men, Pyè fè l' leve, li di l' konsa: Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou.
27 Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble.
28 Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
29 Se poutèt sa, voye ou voye rele m' lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Koulye a, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m' lan.
30 Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.
31 Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.
32 Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye.
33 Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou.