Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Repa Senyè a
17 Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen. 18 Premye pwoblèm mwen tande, se lè nou reyini an asanble lan gen divizyon nan mitan nou. Se pa yon bagay ki difisil pou moun konprann, 19 poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.
20 Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.[a] 21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.[b] 22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.
27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32 Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l konsa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.
33 Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt.
Copyright © 2017 by Bible League International