Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Lavi nan Sentespri a
8 Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikri yo. 2 Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[a] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikri. 3 Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. 4 Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.
5 Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. 6 Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. 7 Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. 8 Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.
9 Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.
Copyright © 2017 by Bible League International