Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
37 ¶ Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
2 Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
3 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
4 Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
5 Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
6 L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
7 ¶ Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
8 Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
9 Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
10 Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
11 Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.
16 Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l': -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m' midi a.
17 Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a, li mennen mesye yo lakay li.
18 Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: -Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo.
19 Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la,
20 yo di l': -Eskize nou wi, mèt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n' te achte manje.
21 Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l' tounen wi.
22 Nou pote lòt lajan tout pou n' ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankò.
23 Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
24 Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.
25 Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avè l'.
26 ¶ Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
27 Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvèl li non? Li la toujou? Li byen?
28 Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
29 Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l' la, li di: -Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t'ap pale m' lan? Bondye beni ou, pitit mwen.
30 Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
31 Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
32 Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
33 Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt.
34 Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l'.
8 ¶ Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.
2 Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.
3 Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
4 Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a.
5 Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.
6 Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
7 Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.
8 Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
10 ¶ Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.
11 Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.