Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Plan Pòl chanje
12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.[a] 13 Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann. 14 Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.
15 Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon. 16 Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a. 17 Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?
18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi.
Copyright © 2017 by Bible League International