Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 115 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 9:15-10:1' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 3:1-9

Lidè nan legliz yo

Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal[a] nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè. Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li.[b] Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan. Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite. Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?

Li pa dwe you moun ki fenk konvèti, pou lògèy pa monte l nan tèt. Sa ta fè l tonbe anba menm kondanasyon ki rezève pou Satan. Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.

Lòt sèvitè ak sèvant k ap ede yo

Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan. Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International