Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Reyinyon nou yo dwe gen lòd
26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. 27 Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a. 28 Si pa gen moun ki pou entèprete, se pou moun ki vle pale diferan lang lan rete an silans. Oubyen, se pou l pale ak pwòp tèt li epi ak Bondye.
29 Se sèlman de oubyen twa pwofèt ki pou pale. Se pou lèzòt evalye pawòl ki di yo. 30 Epi si pami moun ki chita yo, gen youn ki resevwa yon mesaj ki soti nan Bondye, se pou moun ki t ap pale anvan an chita. 31 Wi, nou tout ka pale nan non Bondye, men nou bezwen fè l youn apre lòt. Konsa, nou tout ap resevwa ansèyman an, nou tout ap jwenn ankourajman. 32 Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a. 33 Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.
34 Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. 35 Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo konsa lè legliz la reyini.
36 Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a. 37 Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a. 38 Nenpòt moun ki pa rekonèt sa, yo p ap rekonèt li nonplis.
39 Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang. 40 Men se pou tout bagay fèt nan fason ki kòrèk ak nan lòd.
Copyright © 2017 by Bible League International