Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:89-96

89 ¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

92 ¶ Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

93 ¶ Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

94 ¶ Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

95 ¶ Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

96 ¶ Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

Jeremi 36:27-32

27 Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesaj Jeremi te dikte Bawouk la, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l' konsa:

28 -Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a.

29 Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'.

30 Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit.

31 M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.

32 Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l'. Li ekri tout mesaj ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesaj menm jan ak premye yo.

Lik 4:38-44

38 Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li.

39 Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.

40 Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.

41 Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.

42 Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo.

43 Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.

44 Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.