Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Don Sentespri a bay
12 Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal. 2 Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo. 3 Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.
4 Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri. 5 Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi. 6 Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.
7 Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun. 8 Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans. 9 Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi. 10 Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo. 11 Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.
Maryaj nan ti vil Kana
2 Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. 2 Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. 3 Pandan fèt la, diven an vin fini. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”
4 Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”
5 Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”
6 Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[a] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[b]
7 Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.
8 Lè l fini, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”
Yo te fè sa l te di yo fè a. 9 Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”
11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.
Copyright © 2017 by Bible League International