Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 52:7-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 98 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 1:1-4

Bondye pale pa mwayen Pitit la

Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa. Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen. Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat[a] Papa a ki gen tout pouvwa a. Sa montre aklè kijan li gen plis otorite pase zanj nan syèl la. Bondye ba l yon non ki pi siperyè pase non nenpòt zanj.

Ebre 1:5-12

Èske Bondye janm di yon zanj:

“Ou se Pitit mwen.
    Jodi a, se mwen ki Papa w?”[a]

Li pa janm di okenn zanj nonplis:

“M ap yon Papa pou ou
    epi w ap yon Pitit pou mwen.”[b]

Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan,[c] li di:

“Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.”[d]

Men sa li di pou zanj yo:

“Li fè zanj li yo tounen van[e]
    Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.”[f]

Poutan, men sa li di pou Pitit la:

“Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite.
    Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis.
Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal.
    Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa,
    li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.”[g]

10 Men sa Bondye di ankò:

“O Letènèl, ou kreye latè nan kòmansman,
    ou fè syèl la avèk men w.
11 Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la.
    Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.
12 Ou gen pou w plwaye yo tankou yon manto,
    ou gen pou w chanje yo menm jan moun chanje rad.
Men ou menm, ou p ap janm chanje,
    epi lavi w p ap janm fini.”[h]

Jan 1:1-14

Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a

Anvan tout bagay te kòmanse,
    Pawòl[a] la te la.
Li te avèk Bondye
    epi Pawòl la se te Bondye menm.
Li te avèk Bondye
    nan kòmansman.
Se ak li menm tout bagay te kreye;
    pa te gen anyen ki te kreye san li.
Se nan limenm lavi te ye,
    epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
Limyè[b] a klere nan fènwa,
    men fòs fènwa pa kapab gen viktwa[c] sou li.

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.

10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
    se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
    Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
    men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
    epi ki kwè nan li,
    li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
    men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
    men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
    epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
    yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
    epi li montre nou tout verite Bondye a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International