Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 80:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 66:7-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:31-35

Jezi gen pou l mouri nan Jerizalèm

(Mat 23:37-39)

31 Menm lè a, kèk Farizyen pwoche kote Jezi, yo di li: “Chape poul ou! Pati kite zòn nan, paske Ewòd vle touye w.”

32 Jezi reponn yo: “Al di chat mawon[a] yo rele Ewòd la m ap chase denmon, m ap geri malad jodi ak demen. Sou twazyèm jou a, m ap fin fè travay mwen. 33 Apre sa, mwen prale, paske li pa nòmal pou yon pwofèt mouri deyò lavil Jerizalèm.

34 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 35 Men kounye a, kay[b] ou a pral rete vid. Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”[c]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International