Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 80:1-7' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 31:31-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 10:10-18

10 Jezikri te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.

11 Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. 12 Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. 13 Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.[a] 14 Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.

15 Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:

16 “Letènèl di se pwomès sa a[b] m ap fè
    avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
    M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”[c]

17 Apre sa, li di:

“M ap pase yon trè sou peche yo.
    M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”[d]

18 Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International