Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Ezayi 11:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Resansman 16:20-35' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 28:23-31

23 Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. 24 Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. 25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:

26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[a]

28 Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” 29 [b]

30 Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International