Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
9 Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa. 10 Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou.
11 Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou. 12 Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt. 13 Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.
Nou pa bezwen pè
(Mat 24:29-31; Mak 13:24-27)
25 Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. 26 Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. 27 Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 28 Lè nou wè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe djanm, pa pè, paske lè a prèske rive pou Bondye vin delivre nou.”
Pawòl mwen p ap janm pase
(Mat 24:32-35; Mak 13:28-31)
29 Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Gade pye fig sa a. Gade tout lòt pyebwa yo. 30 Lè nou wè y ap pouse fèy vèt, nou tou konnen lete prèt pou rive. 31 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive.
32 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 33 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen ap rete pou tout tan.”
Rete toujou pare
34 “Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare. 35 Paske jou sa a ap rive sanzatann sou tout moun ki sou latè. 36 Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”
Copyright © 2017 by Bible League International