Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Yo touye Etyèn
54 Lè lidè Jwif yo nan Gran Konsèy la tande pawòl sa yo nan bouch Etyèn, yo pa t manke fache kont li. Yo te tèlman ankòlè, yo manje dan sou Etyèn. 55 Men Etyèn menm te anba pouvwa Sentespri a. Li leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè Bondye Papa a nan tout glwa li, epi li wè Jezi, pitit la ki kanpe adwat papa a. 56 Lè sa a, Etyèn di: Gade, mwen wè syèl la louvri, epi mwen wè Jezi, pitit lòm nan kanpe sou bò dwat Bondye.
57 Konsa, tout moun ki te la yo tonbe fè yon pakèt gwo bri. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande sa Etyèn t ap di a, epi yo tout ansanm kouri sou li. 58 Yo trennen Etyèn mete deyò lavil la, epi yo tonbe kalonnen l ak kout wòch. Moun ki t ap akize Etyèn yo te retire rad yo bay yon jenn gason yo te rele Sòl pou siveye yo. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn anba kout wòch la, li menm li t ap lapriyè. Li t ap di: “Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.” 60 Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.
8 Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.
Copyright © 2017 by Bible League International