Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 3 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 3:19-4:2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 10:26-31

Pa vire do bay Jezi

26 Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. 27 Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye. 28 Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon. 29 Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal. 30 Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.”[a] Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.”[b] 31 Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International